Al gade sa k anndan l

Yo pwoteje lavi bèt yo ak anviwònman an nan Warwick

Yo pwoteje lavi bèt yo ak anviwònman an nan Warwick

Temwen Jewova yo te kòmanse konstwi nouvo syèj mondyal yo a toupre yon lak yo rele Forest Lake (Blue Lake) ki nan zòn andeyò nan eta Nouyòk. Ki jan yo rive pwoteje bèt yo ak anviwònman an nan zòn sa a?

Temwen yo fè yon kloti pwovizwa toutotou chantye a pou anpeche yon seri sèpan nan zòn nan ak yon seri tòti vin antre sou chantye a kote malè ka rive yo. Yo verifye kloti a regilyèman pou yo asire yo bèt yo pa pase ladan l e pou pa ret fèmen sou chantye a. Apre konstriksyon an epi apre yo fin retire kloti a, yon moun ki resevwa fòmasyon pou sa k ap retire nenpòt sèpan l jwenn twò pre bilding yo e l ap mete l kote l dwe ye nan rak bwa a.

Zwazo koulè ble ki rele “Rouge-gorge bleu” a (fransè).

Yo konn rekòlte fwi sou pyebwa yo nan mwa ivè yo yon fason pou yo pa deranje ti zwazo ki rele “Rouge-gorge bleu” a (fransè) nan epòk y ap fè nich yo. Apre konstriksyon an fini, Temwen yo ap enstale yon seri ti kaj pou zwazo yo ka retounen san pwoblèm.

Menm jan an tou, y ap egzamine kèk zòn e y ap netwaye yo ant mwa oktòb ak mwa mas yon fason pou nenpòt semans nan plant ki rele scutellaire latériflore a (fransè), yon plant ki prèske disparèt, ka pouse epi grandi san pwoblèm. Yo kontinye fè travay sa a menm lè yo poko jwenn menm youn nan plant sa yo sou chantye Warwick la depi ane 2007.

Lak ki rele Sterling Forest lake la ki antoure tout chantye a gen yon pakèt kalite zwazo toutotou l e l gen anpil pwason tou tankou divès kalite somon, bwochèt ak pèch. Pou pwoteje lak la, ekip k ap desine plan pou pwojè a chwazi itilize yon pakèt teknik konstriksyon ki pap gen efè sou anviwònman an. Pa egzanp, yo plante yon seri plant sou tèt bilding yo yon fason pou lè lapli tonbe, plant yo ka filtre tout sibstans ki ka lakòz polisyon pou zòn nan. Mete sou sa, yo pwoteje e yo prezève tout plant natirèl ki bò lak la.

Men sa yon moun ki t ap travay nan domèn pwoteksyon anviwònman nan pwojè a fè konnen: “Menm lè travay sa a mande anpil tan ak anpil planifikasyon, nou pran angajman pou n pwoteje anviwònman an sou chantye Warwick la.”