Al gade sa k anndan l

Dezyèm seri foto Wòwik (soti septanm rive desanm 2014)

Dezyèm seri foto Wòwik (soti septanm rive desanm 2014)

Seri foto sa yo ap montre ki jan travay k ap fèt nan nouvo syèj mondyal Temwen Jewova yo te dewoule soti septanm pou rive desanm 2014.

Fason lokal Wòwik la pral ye lè l fini (nan sans egui yon mont, soti anlè agoch):

  1. Bilding pou antretyen machin

  2. Pakin pou vizitè

  3. Bilding pou antretyen ak pakin pou rezidans

  4. Rezidans B

  5. Rezidans D

  6. Rezidans C

  7. Rezidans A

  8. Bilding pou biwo ak diferan sèvis

11 septanm 2014: Pakin pou vizitè

Y ap prefabrike fèm pou twati rezidans C a ki fèt ann asye.

18 septanm 2014: Chantye Wòwik la

Foto ki montre pati sid chantye a ale nan direksyon nò, nan direksyon lak Sterling Forest (lak sa a rele Blue Lake tou). Yon lè, te gen jiska 13 gri (gwo aparèy pou leve bagay ki lou) k ap travay anmenmtan. Sou devan, nan foto a, ou kapab wè y ap koule beton pou fondasyon rezidans B a e y ap fè dènye travay ki gen pou fèt nan fondasyon an.

26 septanm 2014: Bilding pou biwo ak diferan sèvis

Travès ak poto an fè ki pare pou yo enstale yo. Modèl konstriksyon sa a yo itilize pou bilding pou biwo ak diferan sèvis yo pèmèt gen gwo espas nan bilding nan, e travay la ale pi vit.

9 oktòb 2014: Chantye Wòwik la

Kèk travayè k ap monte fèm yo te prefabrike pou twati a ki kouvri ak yon seri fèy metal e ak yon manbràn pou anpeche dlo pase. Pati sa a y ap monte pou bilding C a ap rive tout longè li dwe rive a. Pa dèyè, sou bò goch, y ap monte yon lòt seri fèm yo te prefabrike k ap rive nan mwatye longè.

15 oktòb 2014: Bilding pou biwo ak diferan sèvis

Travayè sou kontra k ap enstale travès an fè toupre kwen sidwès bilding nan. Ap gen yon kuizin, yon salamanje, yon sal pou fè lesiv ak lòt depatman ankò nan pati sa a nan bilding nan.

15 oktòb 2014: Chantye Wòwik la

Y ap pase yon ti bale bay yon travayè k ap enstale kèk pyès nan sistèm sanitè a.

20 oktòb 2014: Chantye Wòwik la

Yon mi brik yo te fè pou yo ka wè ki kalite jwen, ki koulè mòtye ak ki fason pou yo enstale brik yo. Yo te fè l tou pou yo bay bòs mason ki fèk vini yo yon egzanp. Kounye a, y ap defèt li paske li atenn objektif li.

31 oktòb 2014: Rezidans C

Yon moso twati prefabrike ki mwatye lajè twati a y ap depoze nan plas li avèk yon gri. Twati sa yo ki nan chak pwent bilding rezidans yo fè bilding sa yo parèt pi bèl lè y ap gade yo a distans.

7 novanm 2014: Bilding pou antretyen ak pakin pou rezidans

Yon tank luil y ap depoze nan plas li ki kapab kenbe 25 000 galon. Luil ki nan tank sa yo pral alimante chodyè pou chofaj yo.

12 novanm 2014: Rezidans C

Fas sid rezidans C a. Ou kapab wè lak Ble a sou bò dwat bilding nan, anba adwat.

21 novanm 2014: Bilding pou antretyen ak pakin pou rezidans

Yon mari ak madanm li k ap enstale tiyo anvan yo koule dal la.

28 novanm 2014: Bilding pou biwo ak diferan sèvis

Y ap retire nèj sou twati a.

1ye desanm 2014: Bilding pou antretyen ak pakin pou rezidans

Yon mari ak madanm li k ap gade plan sistèm plonbri a.

10 desanm 2014: Bilding pou antretyen ak pakin pou rezidans

Y ap fouye, y ap fè kofraj e y ap koule beton nan yon jou nèj ap tonbe. Anwo, agoch nan foto a, ou kapab wè plizyè pati nan bilding pou biwo ak diferan sèvis la ki antoure ak plastik, yon fason pou yo kapab fè kèk travay pandan tout sezon ivè a, tankou koule beton epi fè travay pou pwoteje bilding nan kont dife.

12 desanm 2014: Rezidans D

Kèk travayè k ap mete yon pwodui sou poto an beton yo ak sou rebò dal yo, pou pwoteje beton an kont vapè, anvan yo enstale mi k ap sou deyò yo.

15 desanm 2014: Chantye Wòwik la

Yon foto yo pran nan direksyon wès. Bilding rezidans yo anlè nan foto a. Gwo bilding ki prèske nan mitan foto a se bilding pou biwo ak diferan sèvis yo. Lokal la bati sou yon espas ki reprezante mwens pase 20 pousan pwopriyete a ki mezire anviwon 77 kawo edmi. Konsa, rès forè a rete entak.

15 desanm 2014: Chantye Wòwik la

Yon foto yo pran nan direksyon lès ki montre rezidans C ak rezidans D a anba nan foto a. Nan rezidans C a, gen kèk travayè sou kontra k ap mete fèy metal sou twati yo pou yo fini ak twati yo.

25 desanm 2014: Rezidans C

Yon bòs chapant k ap kouvri sòl ki anndan yon chanm ki fèt pou eseye materyo. Pou chak chanm ki nan rezidans yo, y ap pwopoze kat finisyon. Pou kat finisyon sa yo, y ap pwopoze koulè penti, tapi, seramik, yon lòt materyo espesyal pou kouvri atè ak kontwa.

31 desanm 2014: Bilding pou biwo ak diferan sèvis

Yon travayè k ap fini yon beton alamen, apre yo fin koule beton an, pou l ka ba l pant yon fason pou dlo ka koule.

31 desanm 2014: Rezidans C

Yon teknisyen ki gen 77 an k ap enstale kab fib optik ki gen plizyè fil. Lè konstriksyon an fini, ap gen anviwon 32 kilomèt kab fib optik k ap enstale.