Al gade sa k anndan l

Yo mande travay, men yo pa mande pou yo peye yo

Yo mande travay, men yo pa mande pou yo peye yo

Pandan 28 ane ki sot pase yo, plis pase 11 000 Temwen Jewova te kite lakay yo, e menm peyi yo, pou y al patisipe nan konstriksyon k ap fèt nan 120 peyi. Yo tout te kontan itilize kapasite yo ak fòs yo aplentan nan travay sa yo san yo pa mande pou yo peye yo.

Gen anpil moun ki te peye vwayaj yo pou yo rive sou chantye a. Gen moun ki vin travay nan lè vakans yo. Gen lòt ki kite travay yo, sa ki fè yo pèdi anpil kòb.

Pa gen pèsonn ki te pouse yo fè sakrifis konsa, men yo te ofri tèt yo volontèman pou yo sipòte travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan k ap fèt sou tout tè a (Matye 24:14). Yo te konstwi yon seri biwo, rezidans ak bilding pou yo enprime Bib ak piblikasyon ki baze sou Bib la. Mete sou sa, Temwen Jewova yo konstwi Sal asanble ki ka pran jiska 10 000 moun ak Sal Wayòm ki ka pran jiska 300 chèz.

Jiska prezan, travay sa yo ap kontinye. Kou travayè yo rive sou yon chantye, biwo filyal la ba yo lojman, manje, kote pou yo lave rad yo ak lòt bagay y ap bezwen chak jou. Temwen yo nan zòn nan gen kè kontan tou paske yo patisipe nan travay konstriksyon an.

Pou yo rive òganize gwo travay sa a, epi kowòdone l, an 1985, yo te mete yon pwogram entènasyonal sou pye. Pou yon Temwen vin travay kòm volontè nan pwogram sa a, li dwe gen ant 19 ak 55 an e li dwe gen omwen yon pwofesyon ki gen rapò ak konstriksyon. An jeneral, volontè yo konn resevwa yon asiyasyon nan pwogram nan ki ka dire ant de semèn ak twa mwa, byenke pafwa sa ka rive jiska ennan oswa plis.

Yo bay madanm frè ki volontè yo fòmasyon pou yo fè kèk travay tankou mare fè ak fil aligati, poze seramik, sable oswa pentire. Gen lòt moun ki bay koutmen nan prepare manje pou moun k ap travay yo oubyen netwaye kote yo dòmi yo.

Lè volontè yo retounen lakay yo, gen ladan yo ki ekri pou yo di mèsi dèske yo te envite yo te vin travay. Men sa yon koup marye te ekri: “Nou vle remèsye nou anpil pou privilèj nou te genyen pou n te travay nan filyal Boudapès la. Temwen yo nan peyi Ongri te demontre anpil lanmou ak rekonesans! Li te difisil anpil pou n di yo orevwa apre yon mwa lòtbò a. Men, se konsa sa toujou ye! Nou espere n ap ka ale ankò nan sezon prentan an. Chak fwa nou ale nan yon asiyasyon, nou santi se kòmsi se pi bèl mwa nou pase nan lavi nou.”