Al gade sa k anndan l

Yon kanpay mondyal pou fè pwomosyon pou sit JW.ORG la

Yon kanpay mondyal pou fè pwomosyon pou sit JW.ORG la

Nan mwa out 2014, Temwen Jewova yo sou tout tè a te distribye yon feyè k ap fè pwomosyon pou sit jw.org la. Kòm rezilta, te gen yon ogmantasyon nan kantite moun ki vizite sit la pandan mwa a. Kantite a te rive 65 milyon, sa ki reprezante plis pase 20 pousan ogmantasyon. Sou tout tè a, te gen anviwon 10 000 moun ki te sèvi ak sit la pou yo fè demann pou yo vin etidye Labib avèk yo gratis. Kantite sa a reprezante yon ogmantasyon 67 pousan parapò ak mwa anvan an. Kanpay la te ede moun tout kote.

Èd pou moun k ap chèche repons pou gwo kesyon yo genyen sou lavi a

Gen yon Temwen nan peyi Kanada ki te salye Madeline nan yon asansè e ki te montre l feyè kanpay la: Ki kote nou ka jwenn repons pou kesyon enpòtan moun poze sou lavi a? Madeline te fè konnen, nuit anvan an, pandan li te sou balkon lakay li, li te priye pou Bondye ede l jwenn repons pou kalite kesyon sa yo. Anvan sa, li te telefone plizyè legliz pou l mande pou yo etidye Labib avè l, men, pa gen pèsonn ki te retounen apèl li a. Li pa t pran anpil tan pou l kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo.

Èd pou moun ki pa konn anyen nan Bib la

Nan peyi Filipin, Rowena te pale ak yon chinwa ki te kanpe devan yon restoran. Li te bay mesye a feyè a e li te fè l konnen Temwen Jewova yo dispoze etidye Labib ak moun yo gratis pou ede yo.

Mesye a te di li pa janm wè yon Bib. Konvèsasyon sè a te gen ak mesye a te ankouraje mesye a al asiste yon kongrè Temwen Jewova yo t ap fè. Annapre, mesye a te di li ta renmen konn plis sou Bib la e li te planifye pou l telechaje Bib la sou sit nou an.

Èd pou moun ki soud

Guillermo, yon Temwen Jewova nan peyi Espay, te rankontre ak Jorge, yon ansyen kamarad lekòl li ki soud tou. Jorge te fè l konnen pa gen lontan depi manman l mouri e li te gen anpil dout ak anpil kesyon. Guillermo te ba l feyè kanpay la e li te esplike l si l al sou sit jw.org la, l ap jwenn enfòmasyon nan lang siy k ap reponn anpil nan kesyon li genyen yo. Mete sou sa, Guillermo te envite Jorge vin nan reyinyon nan Sal Wayòm nan. Guillermo te vini vre, e depi lè sa a, li pa janm rate yon reyinyon, menm lè li abite 60 kilomèt parapò ak Sal la.

Èd pou moun ki rete nan zòn ki izole

Gen de frè ak madanm yo ki abite Gworenlann, ki te vwayaje pandan sis jou nan yon ti bato, malgre yo te oblije fè yon pakèt depans, pou y al nan yon zòn kote 280 moun abite. Lè yo rive, yo preche, yo bay feyè e yo pase yon videyo ki sou sit jw.org la nan lang moun Gworenlann yo pale a. Mete sou sa, yo te kòmanse yon etid biblik ak yon koup yo te rankontre. Kounye a, etid la fèt de fwa pa semèn nan telefòn.

Se pa nan zòn ki rele Gran Nò a sèlman frè ak sè yo te fè tout efò sa yo. Gen Temwen Jewova nan peyi Nikaragwa ki te fè aranjman pou yo distribye feyè a bay yon gwoup moun ki pale Mayangna e k ap viv nan yon forè ki sou kot ki bay sou zòn Karayib la. Apre yo te fin vwayaje san rete pandan 20 èdtan nan yon bis bogota, sou yon wout ki chaje ak twou, yo te mache pandan 11 èdtan pou yo rive nan yon zòn kote moun sa yo abite. Pafwa, yo te oblije mache nan labou ki byen fon. Lè yo rive, yo distribye feyè e yo pase plizyè videyo nan lang Mayangna. Moun nan zòn nan te sezi e yo te kontan.

Nan peyi Brezil, gen yon sè ki rele Estela ki te bay yon mesye ki t ap pase nan yon ti vil nan zòn Amazòn nan yon feyè. Mesye a te pran feyè a e li mete l nan pòch li. Li pa t montre li vrèman enterese. Pandan l sou wout pou l al lakay li, motè bato a te vin an pàn, e sa te fè mesye a oblije rete sou rivyè a. Pandan l t ap tann moun k ap vin ede l yo, li te li feyè a. Li te sèvi ak telefòn li pou l al sou sit jw.org la. Li te li plizyè atik sou sit la e li te telechaje kèk videyo. Kèk jou apre, mesye a te rankontre ak mari Estela e li te mande l pou l remèsye sè a pou feyè a. Men sa l te di: “Atik mwen te li pandan m te sou rivyè a te kalme m jiskaske yon bato te vin pote m sekou. Pitit mwen yo renmen videyo Kalèb yo. M ap kontinye al sou sit jw.org la.”