Al gade sa k anndan l

Enfòmasyon sou vizit biwo nou yo

Nou byen kontan envite w vizite biwo nou yo ak enprimri nou yo. Chèche konn ki kote e ak ki lè vizit yo.

Tours Resumed: In many countries, we resumed tours of our branch offices on June 1, 2023. For details, contact the branch you would like to tour. Please do not visit if you test positive for COVID-19, display cold or flu-like symptoms, or have recently been exposed to someone who tested positive for COVID-19.

Afrik disid

Rezèvasyon pou vizit

Èske w dwe fè rezèvasyon alavans? Wi. Pou evite gen twòp moun nan vizit la e pou tout moun ka byen pwofite vizit la, nou mande tout vizitè yo pou yo fè rezèvasyon alavans, kèlkeswa kantite moun ki nan gwoup la. Tanpri, fè rezèvasyon pou vizit ou a omwen yon semèn alavans. Si se nan jou konje ou vle fè vizit la, nou ankouraje w fè rezèvasyon an pi lontan alavans toujou.

Si w pa t fè rezèvasyon, èske w ap toujou kapab fè yon vizit? Si w pa t fè rezèvasyon, li posib pou w pa kapab fè vizit la. Akoz de espas la, se sèlman yon kantite moun limite ki kapab fè vizit nan jou ki gen vizit yo.

A ki lè ou dwe rive pou vizit ou a? Pou evite gen twòp moun nan espas la, pi bonè ou ka rive se inèdtan anvan lè rezèvasyon w lan.

Ki jan pou w fè rezèvasyon? Klike sou “Fè yon rezèvasyon.”

Èske w ka chanje yon rezèvasyon oswa w ka anile l? Wi. Klike sou “Gade oswa chanje rezèvasyon.”

E si pa gen vizit disponib nan dat ou chwazi a? Ou dwe toujou ap verifye sit la, paske anpil rezèvasyon konn chanje oswa anile.

Fè yon rezèvasyon

Vizit

1 Robert Broom Drive East

Rangeview

KRUGERSDORP

1739

AFRIK DISID

+27 11-761-1002

Imel: InboxBTHLTours.ZA@jw.org

Fason w ka jwenn adrès la

Espas pou vizitè nan zòn resepsyon an: Vizit la kòmanse nan mezon betèl la, kote w ap ka wè yon videyo prezantasyon. Pandan vizit la, w ap ka wè plizyè videyo k ap bay yon ti apèsi sou sa k ap fèt nan Betèl la e sou fason Betèl la soutni adorasyon n ap bay Bondye a. Nan espas Fè zanmi ak Jewova a, timoun yo ap ka fè foto ak Kalèb ak Sofya.

Espas pou vizitè nan zòn enprimri 2 a: W ap ka wè twa videyo k ap montre tout enpòtans sa genyen pou n tradui epi enprime piblikasyon nou yo nan lang lokal yo. Pandan w sou yon platfòm, w ap ka wè de près wotatif nou yo k ap fonksyone. Pati ki pi enpòtan nan vizit sa a se yon ekspozisyon sou Labib, ki montre fason yo itilize non Bondye nan kèk nan Bib ki nan lang lokal yo.

Espas pou vizitè nan zòn enprimri 3 a: Pandan w sou yon platfòm, w ap ka wè espas kote n òganize sèvis livrezon piblikasyon yo. E gen yon ekran k ap ede w wè ki kote piblikasyon yo fin met nan bwat yo prale nan moman an menm. Gen twa videyo k ap montre fason nou òganize konstriksyon Sal Wayòm yo, sèvis livrezon an ak fason n pwodui anrejistreman odyo piblikasyon nou yo ak videyo yo.

Espas pou vizitè yo repoze yo: Nan espas sa a, ki tankou yon plas piblik, w ap ka manje manje ou te pote. Se la a pakin pou bis yo ye, e lè se jou konje, nou itilize l pou tout lòt machin yo tou.

Transpò: Gen kèk ti bis ki fè ale vini ant diferan espas pou vizitè yo.

Kèk travay nou fè

Nou enprime liv, peryodik, bwochi ak feyè nan plis pase 150 lang epi nou voye piblikasyon pou plis pase 15 000 kongregasyon nan 20 peyi. Nou tradui Bib la, ak piblikasyon ki baze sou Bib la ansanm ak videyo nan plis pase 20 lang. Anba sipèvizyon Biwo rejyonal pou plan ak konstriksyon an, filyal nou an soutni travay konstriksyon Sal Wayòm nan 42 peyi ki nan zòn Afrik la.

Telechaje yon feyè vizit