Al gade sa k anndan l

Poukisa Temwen Jewova yo pa fete kèk fèt?

Poukisa Temwen Jewova yo pa fete kèk fèt?

 Ki jan Temwen Jewova yo pran desizyon pou yo fete yon fèt oswa pou yo pa fete l?

 Anvan Temwen Jewova yo deside si wi ou non y ap selebre yon fèt, yo chèche konn sa Bib la di. Li klè, gen kèk fèt ki pa ann amoni ak prensip nan Bib la. Nan ka sa yo, Temwen Jewova yo pa patisipe nan fèt sa yo. Pou lòt fèt yo, se chak Temwen Jewova k ap deside si l ap patisipe oswa si l pap patisipe, toutpandan l ap fè efò pou “konsyans [li] ret klè ni devan Bondye ni devan lèzòm”. — Travay 24:16.

 Kesyon ki apre yo se kèk kesyon Temwen Jewova yo konn poze tèt yo lè y ap deside si wi ou non yo ka selebre oswa patisipe nan yon fèt. a

  •   Èske fèt la baze sou yon ansèyman ki pa ann amoni ak ansèyman ki nan Bib la?

     Prensip biblik: “‘Soti nan mitan yo, mete nou apa,’ se sa Jewova di, ‘e sispann manyen bagay ki pa pwòp la.’” — 2 Korentyen 6:15-17.

     Pou Temwen Jewova yo kapab mete yo apa nèt anrapò ak ansèyman ki pa pwòp, sa vle di ki depaman ak sa ki nan Bib la, yo pa selebre kalite fèt ki vin apre yo:

     Fèt ki baze sou kwayans nan lòt dye oswa adorasyon lòt dye. Jezi te di: “Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.” ​(Matye 4:10). Poutèt sa, Temwen Jewova yo pa fete Nwèl, Pak oswa Fèt travay paske rasin fèt sa yo gen rapò ak adorasyon lòt dye. Epitou, yo pa patisipe nan fèt ki apre yo tou.

    •  Kwanza. Non Kwanza “soti nan ekspresyon nan lang Swahili matunda ya kwanza, ki vle di ‘premye fwi’. Fèt sa a, se premye fèt yo jwenn yo ekri nan istwa Afrik, se fèt premye rekòt”. (Encyclopedia of Black Studies.) Se vre, gen moun ki wè fèt Kwanza pa gen rapò ak relijyon. Men, yon ansiklopedi ki pale sou relijyon ann Afrik konpare fèt sa a ak “fèt yo te konn fete kote yo t ap ofri dye yo premye rekòt yo fè. Se te yon fason pou yo remèsye dye yo ansanm ak zansèt yo. Yo te fè sa tou pou yo di mèsi pou benediksyon yo jwenn nan lavi a. Se menm bagay la tou pou ameriken nwa yo, yo fete fèt Kwanza pou benediksyon zansèt yo ba yo nan lavi a”. (Encyclopedia of African Religion.)

      Kwanza

    •  Fèt otòn nan. Se yon “fèt pou yo onore deyès lalin nan”. (Holidays, Festivals, and Celebrations of the World Dictionary.) Nan fèt sa a, fi yo bese tèt yo byen ba devan deyès yo.” — Religions of the World — A Comprehensive Encyclopedia of Beliefs and Practices.

    •  Nowouz. “Se nan relijyon Zowoastriyen yo fèt sa a te kòmanse, e se youn nan jou ki pi sen nan ansyen kalandriye yo [...]. Yo te kwè livè gen yon lespri ki te fòse lespri midi a, ki rele Rapidwin, rete anba tè pandan mwa ki frèt yo. Dapre tradisyon Zowoastriyen an, jou fèt Nowouz la, a midi, yo te fè fèt pou akeyi lespri midi a k ap sot anba tè.” — United Nations Educational, Scientific and Cultural Organization.

    •  Shab-e Yalda. Gen yon liv (Sufism in the Secret History of Persia) ki fè konnen fèt sòltis ivè a ”gen rapò ak adorasyon Mitra”, dye limyè. Yo fè konnen fèt sa a kapab gen rapò tou ak adorasyon dye solèy pou Women yo ak Grèk yo. b

    •  Thanksgiving. Se yon fèt yo fete menm jan ak Kwanza a. Nan tan lontan, yo te konn fete l pou yo remesye dye yo pou rekòt yo fè. Pi devan, “lakretyente te vin adopte tradisyon ki gen nan fèt sa a”. — A Great and Godly Adventure — The Pilgrims and the Myth of the First Thanksgiving.

     Fèt ki soti nan sipèstisyon ak moun ki kwè nan chans. Bib la di “moun ki prepare yon tab pou dye Chans lan” fè pati “moun ki bliye Jewova”. (Ezayi 65:11). Se pou rezon sa a ki fè Temwen Jewova yo pa fete fèt n ap site la yo:

    •  Ivan Kupala. Yon liv di: “Anpil moun kwè, pandan jou fèt Ivan Kupala gen yon fòs majik ki soti nan lanati ki ka antre sou moun ki brav e ki gen chans.” ​(The A to Z of Belarus). Okòmansman, se yon fèt payen yo te konn fete pou selebre sòltis ete. Men ki sa yon anseklopedi di sou sa: “Apre payen yo te vin kretyen, yo te melanje fèt sa a ak fèt Legliz la, [“fèt sen” Jan Batis]. (Encyclopedia of Contemporary Russian Culture.)

    •  Nouvo ane ki baze sou lalin (nouvèl ane chinwa oswa nouvèl ane koreyen). “Se yon moman nan ane a kote priyorite chak moun se pou fanmi yo ak zanmi yo pase yon bon ane, onore dye yo ak lespri yo kote youn ap swete lòt meyè vi ak bon ane.” ​(Mooncakes and Hungry Ghosts — Festivals of China) Menm jan tou, pou nouvèl an koreyen an, “moun yo adore zansèt yo, yo chase move lespri e youn swete lòt bòn ane, yo fè divinasyon pou yo wè ki sa ane a ap pote pou yo.” — Encyclopedia of New Year’s Holidays Worldwide.

      Nouvèl ane chinwa

     Fèt ki chita sou ide ki fè konprann nanm nan pa ka mouri. Nanm nan ka mouri, Bib la klè sou sa (Ezekyèl 18:4). Se poutèt sa, Temwen Jewova yo pa fete fèt nou pral site la yo paske fèt sa yo soutni kwayans ki fè moun konprann nanm nan pa ka mouri:

    •  Fèt mò. “Se jou kote yo fete fèt tout moun ki fidèl ki mouri yo. Pandan tout peryòd Mwayen Oryan an, moun yo te kwè nanm ki nan pigatwa yo ka parèt sou moun ki te fè yo mal lè yo te vivan jou sa a sou fòm zonbi, sòsye, krapo ak sou lòt fòm ankò.” — New Catholic Encyclopedia.

    •  Fèt Ch’ing Ming ak fèt zonbi ki grangou yo. Yo fete fèt sa yo pou selebre zansèt yo. Gen yon liv ki di: “Pandan fèt Ch’ing Ming nan, yo boule manje, bwason ak lajan yon fason pou mò yo pa rete ni grangou, ni swaf ni san lajan. Pandan mwa fèt zonbi ki grangou yo, selebran yo kwè jou swa plèn lin nan, mò yo kominike ak vivan yo pi plis pase tout lòt nuit yo. Se pou rezon sa a, nan je pa yo, li enpòtan pou yo fè tout sa yo kapab pou fè mò yo plezi e pou yo onore zansèt yo.” — Celebrating Life Customs Around the World — From Baby Showers to Funerals.

    •  Chuseok la. Gen yon liv ki di: “Lè yo selebre fèt sa a, yo ofri nanm mò yo manje ak diven. Yo fè sa paske yo kwè nanm nan toujou egziste apre kò a fin mouri.” — The Korean Tradition of Religion, Society, and Ethics.

     Fèt ki gen rapò ak bagay mistik. Bib la di: “Pa dwe gen okenn moun nan mitan nou ki boule pitit gason l oswa pitit fi l nan dife, ni moun k ap fè divinò, ni moun k ap fè maji, ni moun k ap chèche konnen sa k pral rive demen, ni moun k ap fè wanga dèyè moun, ni moun k al wè moun ki kapab fè yo pran kontak ak movèzespri, ni moun k ap fè moun konnen sa k pral rive yo, ni moun ki konn chèche pale ak mò. Moun ki fè bagay sa yo se moun ki bay Jewova degoutans.” ​(Detewonòm 18:10-12). Pou Temwen Jewova yo rete lwen nenpòt bagay ki gen rapò ak bagay mistik, san wete astwoloji (yon fòm divinò), yo pa fete fèt Alowin oswa fèt tankou:

    •  Sinhala ak Nouvo ane Tamil. “Pratik moun konn fè ki gen rapò ak evènman an [...] gen ladan l pou yo fè aktivite yo nan lè astwològ yo di pou yo fè l pou yo ka resevwa yon benediksyon.” — Encyclopedia of Sri Lanka.

    •  Songkran. Non pou fèt sa a ki soti ann Azi soti “nan yon lang yo rele sanskrit, mo Songkran an vle di [...] mouvman oswa chanjman e fèt la fè yo konnen mouvman solèy la pou l nan menm liy ak konstelasyon zodyak Aries.” — Food, Feasts, and Faith — An Encyclopedia of Food Culture in World Religions.

     Fèt ki te fè pati Lwa Moyiz la ki te aboli lè Jezi te mouri. Bib la di: “Kris se finisman Lalwa.” ​(Women 10:4). Kretyen yo ka toujou aprann nan prensip Bondye te bay Izrayelit yo nan Lwa Moyiz la. Men, yo pa fete fèt yo, sitou fèt ki montre Mesi a gen pou l vini piske kretyen yo kwè li deja vini. “Bagay sa yo se lonbray bagay ki gen pou vini yo, men reyalite a se nan Kris li ye.” ​(Kolosyen 2:17). Piske fèt sa yo deja akonpli objektif yo e gen kèk ladan yo k ap suiv koutim ki pa baze sou Bib la, fèt y ap site anba yo fè pati fèt Temwen Jewova yo pa fete:

    •  Anouka. Fèt sa a se pou yo sonje lè yo te inogire tanp juif yo nan Jerizalèm yon dezyèm fwa. Men, Bib la di Jezi vin Gran Prèt yon “tant ki gen plis valè e ki pi pafè a, tant [oswa tanp lan] ki pa fèt ak men an, sa vle di ki pa soti nan kreyasyon sa a”. (Ebre 9:11.) Pou kretyen yo, tanp senbolik la ranplase tanp literal la ki te nan Jerizalèm.

    •  Rosh Hashanah. Se premye jou nan ane Juif yo. Nan tan lontan, Juif yo te fè sakrifis espesyal pou Bondye (Nonb 29:1-6). Sepandan, Jezi Kris, antanke Mesi a, te “fè sakrifis bèt ak ofrann pa fèt ankò”, sa vle di, Bondye pa bezwen yo fè sakrifis sa yo ankò. — Dànyèl 9:26, 27.

  •   Èske fèt sa a soutni mouvman ekimenik?

     Prensip biblik: “Ki sa yon moun ki kwayan gen pou l wè ak yon moun ki pa kwayan? E ki antant ki genyen ant tanp Bondye a ak zidòl?” — 2 Korentyen 6:15-17.

     Toutpandan Temwen Jewova yo fè efò pou yo gen lapè ak tout moun e yo respekte dwa chak moun genyen pou yo gen kwayans pa yo, yo pa patisipe nan fèt ki vini apre ki soutni mouvman ekimenik lan.

     Fèt ki onore yon pèsonaj relijye oswa evènman k ap ankouraje moun ki gen kwayans yo ki diferan pou yo mete tèt yo ansanm nan adorasyon y ap bay Bondye. Nan tan lontan, lè Bondye te mennen pèp li a nan peyi li te pwomèt yo, kote moun ki te la yo te adore lòt dye, Bondye te di yo: “Nou pa dwe fè alyans ansanm avèk yo ni avèk dye y ap sèvi yo. [...] Si n sèvi dye y ap sèvi yo, se sèten sa ap tounen yon pyèj pou nou.” ​(Egzòd 23:32, 33). Se sa k fè, Temwen Jewova yo pa patisipe nan fèt ki vin apre yo.

    •  Loy Krathong. Nan peyi Tayilann, pandan fèt sa a moun yo “fè bòl ki fèt ak fèy, yo mete balèn oswa lansan andan bòl yo epi yo lage bòl yo nan dlo a. Yo fè konprann bòl yo t ap pote movespri yo ale. Fèt la onore dye Buddha.” — Encyclopedia of Buddhism.

    •  Jou nasyonal repantans. Nan peyi Papwazi Nouvèl Gine, gen yon ofisyèl nan gouvènman an ki te di yon jounal (The National) tout moun ki patisipe nan evènman an “dakò ak tout prensip kretyen yo dwe suiv”. Anplis de sa li te di: “Lè moun fete fèt sa a, yo ankouraje tout moun nan peyi a suiv prensip kretyen yo.”

    •  Vesak. “Se jou ki pi sen an nan jou sen yo pou boudis yo. Jou sa a onore jou dye Buddha te fèt, jou li te jwenn plis klèvwayans, jou l mouri oswa jou li rive jwenn Nivana.” — Holidays, Festivals, and Celebrations of the World Dictionary.

      Vesak

     Fèt ki baze sou tradisyon relijye ki pa ann amoni ak sa Bib la di. Jezi te di chèf relijye yo: “Nou fè pawòl Bondye a vin san valè akoz tradisyon nou genyen.” Epitou, li te di adorasyon yo pa t gen okenn valè paske “doktrin y ap anseye yo se kòmandman lèzòm yo ye”. (Matye 15:6, 9.) Piske Temwen Jewova yo pran sa Jezi di oserye, gen anpil evènman relijye yo pa fete.

    •  Epiphany (Jou twa wa yo, Timkat oswa Los Reyes Magos). Moun selebre jou astwològ yo t al vizite Jezi oswa jou Jezi te batize. Legliz katolik te fè kèk fèt yo te konn fete nan sezon prentan vin fèt relijyon ofisyèl ki te onore dye rivyè.” ​(The Christmas Encyclopedia) Timkat, yon fèt ki sanble ak fèt Epiphany e ki “byen anrasine nan tradisyon”. — Encyclopedia of Society and Culture in the Ancient World.

    •  Fèt asonsyon sa vle di jou Mari ki te yon vyèj te monte nan syèl la. Fèt sa a selebre yon kwayans moun genyen ki kwè manman Jezi te monte nan syèl la ak kò fizik li. “Kretyen yo nan premye syèk la pa t kwè sa e Ekriti yo pa pale sou sa.” ​(Religion and Society — Encyclopedia of Fundamentalism)

    •  Fèt Imakile Konsepsyon. “Kesyon Mari te fèt san peche a, se pa yon bagay yo anseye nan Bib la. Se yon anseyman legliz vin avè l.” — New Catholic Encyclopedia.

    •  Karèm. Selon yon ansiklopedi (New Catholic Encyclopedia), se yon peryòd penitans ak jèn moun yo te kòmanse fè “nan katriyèm syèk la”, plis pase 200 an apre yo te fin ekri Bib la. Anpalan de premye jou Penitans lan, men sa ansiklopedi a di: “Koutim pou yo mete yon ti kal sann sou fwon fidèl yo jou yo rele mekrèdi sann yo se yon koutim legliz katolik adopte depi 1091.”

    •  Meskel. Selon yon ansiklopedi (the Encyclopedia of Society and Culture in the Medieval World) se yon fèt nan peyi Etyopi kote yo selebre “jwenn yo jwenn Vrè Kwa a (kwa a yo te kloure Jezi a). Nan fèt la, yo mete dife nan bwa epi y ap danse toutotou l.” ​(Se ekriven an ki mete parantez yo.) Sepandan, Temwen Jewova yo pa itilize kwa nan adorasyon y ap bay.

  •   Èske fèt sa a onore yon moun, yon òganizasyon oswa yon senbòl nasyonal?

     Prensip biblik: “Men sa Jewova di: “Malediksyon pou moun ki mete konfyans li nan lòm parèy li, ki konte sou pouvwa lòm parèy li, e ki vire do bay Jewova.” — Jeremi 17:5.

     Menmsi Temwen Jewova yo montre yo apresye lòt moun e yo ka menm priye pou yo, yo pa patisipe nan evènman oswa selebrasyon ki apre yo:

     Fèt pou onore yon dirijan oswa yon lòt moun ki enpòtan. Bib la di: “Sispann met konfyans nou nan lòm, e sa ap bon pou nou. Li fèb menm jan ak souf k ap sot nan twou nen l. Ki sa l ka fè pou nou?” ​(Ezayi 2:22). Se pou rezon sa a pa egzanp, Temwen Jewova yo pa fete anivèse nesans yon wa oswa yon rèn.

     Fèt pou onore drapo peyi a. Temwen Jewova yo pa fete jou drapo a. Pou ki rezon? Paske Bib la di: “Veye kò nou ak zidòl.” ​(1 Jan 5:21). Jounen jodi a gen kèk moun ki pa konsidere drapo kòm yon zidol, yon bagay pou moun adore. Men, yon istoryen ki rele Carlton Hayes te ekri: “Drapo a se yon senbòl moun yo adore.”

     Fèt ki onore yon sen. Ki sa k te rive lè yon moun ki te gen lakrentif pou Bondye te pwostène devan apot Pyè? Bib la di: “Pyè fè l leve, li di l: ‘Leve, se yon senp moun mwen ye tou.’” ​(Travay 10:25, 26). Piske ni Pyè ni nenpòt nan lòt apot yo pa t aksepte yon onè espesyal, Temwen Jewova yo pa patisipe nan evènman moun konn fè pou onore moun yo rele sen, tankou fèt ki vin apre yo:

    •  Latousen. “Yon fèt pou onore tout sen yo [...] Orijin fèt sa a pa sèten.” — New Catholic Encyclopedia.

    •  Fèt Notradam de Guadalupe. Fèt sa a onore “sen patwon Meksik”, kèk moun kwè ki se Mari manman Jezi. Yo di li te parèt devan yon moun nan ane 1531 grasa yon mirak. — The Greenwood Encyclopedia of Latino Literature.

      Fèt Notradam de Guadalupe

    •  Fèt non an. Selon sa yon liv fè konnen: “Fèt jou non an se fèt sen ki pote non yo te bay yon tibebe lè l te batize oswa lè l t ap konfime. Se yon jounen moun fè aktivite ki gen rapò ak relijyon.” — Celebrating Life Customs Around the World — From Baby Showers to Funerals.

     Fèt k ap selebre mouvman politik oswa sosyal. Bib la di: “Li pi bon pou nou pran refij nan Jewova pase nou met konfyans nou nan lèzòm.” ​(Sòm 118: 8, 9). Piske Temwen Jewova yo vle montre yo pa fè lezòm plis konfyans pase Bondye pou rezoud pwoblèm nan monn nan, yo pa patisipe nan fèt yo rele Jounen Jèn yo oswa Jounen Medam yo. Fèt sa yo soutni kanpay politik ak kanpay sosyal. Se pou menm rezon yo yo pa patisipe nan jou Emansipasyon an, oswa nenpòt fèt ki sanble ak jou sa a. Olye de sa, yo konte sou Wayòm Bondye a pou rezoud tout pwoblèm rasis oswa pwobèm inegalite. — Women 2:11; 8:21.

  •   Èske fèt la ap leve yon peyi oswa yon gwoup moun pi wo pase yon lòt peyi oswa yon lòt gwoup moun?

     Prensip biblik: “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” — Travay 10:34, 35.

     Byenke anpil Temwen Jewova renmen peyi kote yo soti, yo pa patisipe nan fèt k ap leve yon peyi oswa yon gwoup moun pi wo pase yon lòt. Men kèk ladan yo:

     Evènman k ap onore lame. Olye Jezi te ankouraje disip li yo patisipe nan lagè, li te di disip li yo: “Kontinye renmen ènmi nou e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou.” ​(Matye 5:44). Se pou rezon sa a, Temwen Jewova yo pa patisipe nan fèt k ap onore sòlda yo, san wete fèt ki apre yo:

    •  Jounen Anzac. “Anzac se yon sig pou Australian and New Zealand Army Corps (lame peyi Ostrali ak lame peyi Nouvèl Zelann) [...] Tikras pa tikras Jounen Anzac la vin tounen yon jou pou sonje moun ki mouri nan lagè.” — Historical Dictionary of Australia.

    •  Jou pou veteran yo (jou souvni, dimanch souvni oswa jou memoryal). Fèt sa yo onore “moun ki te nan lame e moun ki te mouri nan lagè”. — Encyclopædia Britannica.

     Fèt k ap selebre istwa yon nasyon oswa indepandans li. Anpalan de disip li yo, Jezi te di: “Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm, mwen pa fè pati monn nan.” ​(Jan 17:16). Menmsi Temwen Jewova yo renmen aprann istwa konsènan peyi kote yo soti, yo pa patisipe nan evènman n ap site la yo:

    •  Jounen Ostrali. Selon yon ansiklopedi, fèt sa a selebre “jounen nan ane 1788 lè sòlda angletè te leve drapo yo e yo te deklare Ostrali vin anba dominasyon Angletè”. (Worldmark Encyclopedia of Cultures and Daily Life)

    •  Jounen Guy Fawkes. Jounen sa a se “yon jou tout nasyon an selebre echèk Guy Fawkes ak lòt katolik ki te soutni l lè yo te eseye touye Wa Jak 1ye ansanm ak manm gouvènman Angletè a nan ane 1605.” — A Dictionary of English Folklore.

    •  Jounen endepandans. Nan plizyè peyi, jou sa a “se yon jounen yo mete apa pou selebre anivèsè endepandans peyi a.” — Merriam-Webster’s Unabridged Dictionary.

  •   Èske tout moun konnen fèt sa a gen rapò ak konduit ki derespektan oswa konduit ki imoral?

     Prensip biblik: “Paske, tan nou te pase ap fè volonte nasyon yo sifi. Lè sa a, nou te lage kò nou nan konduit derespektan, nan pasyon, nan bwè twòp bwason ki gen alkòl, nan banbòch, nan gagòt bwason ak nan idolatri, yon bagay ki repiyan.” — 1 Pyè 4:3.

     Ann amoni ak prensip sa a, Temwen Jewova yo pa patisipe nan fèt k ap ankouraje moun bwè pou yo vin sou oswa nan banbòch. Temwen Jewova yo renmen pase tan ansanm ak zanmi yo e yo ka pran desizyon pou yo bwè yon ti bwason ki gen alkòl nan moman sa a oswa yo ka deside pa bwè okenn bwason ki gen alkòl. Yo fè tout efò posib pou yo suiv konsèy nan Bib la ki di: “Kit n ap manje, kit n ap bwè, kit n ap fè nenpòt lòt bagay, fè tout bagay pou glwa Bondye.” — 1 Korentyen 10:31.

     Se sa k fè, Temwen Jewova yo pa patisipe nan kanaval oswa fèt k ap ankouraje moun gen konduit ki pa ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Sa gen ladan l fèt juif ki rele Pourim. Byenke pou anpil ane, Pourim se yon fèt pou selebre lè juif yo te jwenn delivrans nan senkyèm syèk anvan epòk nou an, kounye a, selon yon liv, “yo ka di se fèt Juif ki tankou Madi Gra oswa Kanaval”. Liv la fè konnen pou anpil moun k ap fete fèt sa a, “moun yo mete rad pou degize tèt yo (souvan gason mete rad fi), yo bwè twòp bwason ki gen alkòl, yo fè anpil bri”. (Essential Judaism.)

 Piske Temwen Jewova yo pa fete kèk fèt, èske sa vle di yo pa renmen fanmi yo?

 Non. Bib la ankouraje tout moun pou yo renmen fanmi yo epi montre yo gen respè pou yo kèlkeswa relijyon yo pratike (1 Pyè 3:1, 2, 7). Nòmalman, lè yon Temwen Jewova sispann patisipe nan kèk fèt, kèk moun nan fanmi l yo ka fache oswa yo ka menm santi yo vire do ba yo. Se sa k fè, anpil Temwen Jewova pran inisyiativ pou yo asire fanmi yo yo renmen yo. Yo pran tan pou esplike yo ak tak rezon yo pran desizyon yo pran an e yo vizite fanmi yo nan lòt moman.

 Èske Temwen Jewova yo di lòt moun pou yo pa fete kèk fèt?

 Non. Yo kwè chak moun gen pou pran pwòp desizyon pa l (Jozye 24:15). Temwen Jewova yo “onore tout kalite moun” kèlkeswa relijyon yo pratike. — 1 Pyè 2:17.

a Atik sa a pa pale sou tout fèt Temwen Jewova yo pa selebre, nitou li pa pale sou tout prensip nan Bib la ki ka aplike nan ka sa yo.

b Mithra, Mithraism, Christmas Day & Yalda, selon K. E. Eduljee, paj 31-33.