Ki jan Temwen Jewova yo konsidere lasyans?
Nou respekte sa lasyans reyalize e nou kwè nan sa l dekouvri yo lè gen prèv pou kore yo.
“Lasyans se etid sou lanati ak fason bagay nan lanati yo aji e sa nou aprann de yo.” (Collins Cobuild Advanced Learner’s English Dictionary). Menm lè Bib la pa yon liv syantifik, li ankouraje moun pou yo etidye lanati e pou yo pwofite sa lasyans dekouvri. Ann pran kèk egzanp:
Astwonomi: “Leve je nou nan syèl la epi gade. Kiyès ki kreye bagay sa yo? Se Sila a ki dirije yo tankou yon lame, selon kantite yo ye. Li rele yo tout nan non yo.” — Ezayi 40:26.
Byoloji: Salomon “te konn pale sou tout kalite pyebwa, soti nan pye sèd ki Liban yo rive sou ti pye izòp ki pouse sou mi yo. Li te konn pale sou bèt kat pat, sou zwazo, sou bèt ki rale sou vant ak pwason”. — 1 Wa 4:33.
Lamedsin: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” — Lik 5:31.
Meteyo: “Èske w deja antre nan depo nèj yo, oubyen èske w deja wè depo lagrèl [...]? Ki kote van lès k ap vante sou tè a soti?” — Jòb 38:22-24.
Piblikasyon nou yo ankouraje moun gen respè pou lasyans lè yo prezante atik sou lanati ak sou sa lasyans dekouvri. Temwen Jewova ki paran yo ankouraje pitit yo pou yo etidye pou yo kapab pi byen konprann monn y ap viv ladan l lan. Plizyè Temwen Jewova travay nan domèn syantifik, tankou byochimi, matematik ak fizik.
Lasyans gen limit
Nou pa kwè lasyans kapab reponn tout kesyon lèzòm genyen a. Pa egzanp, jewològ yo etidye ak ki sa tè a fèt, byolojis ki espesyalize nan etidye moun yo etidye ki jan kò moun fonksyone. Men, poukisa tè a byen fèt konsa pou pèmèt gen lavi sou li e poukisa tout pati nan kò moun byen mache youn ak lòt konsa?
Nou rive konprann se sèlman Bib la ki byen reponn kesyon sa yo (Sòm 139:13-16; Ezayi 45:18). Kidonk, nou kwè yon bon edikasyon gen ladan l nonsèlman aprann sa lasyans anseye, men tou aprann sa Labib anseye.
Pafwa, li ka sanble sa Labib di depaman ak sa lasyans di. Men, gen bagay ki ka parèt depaman alòske se moun ki mal konprann sa Labib anseye toutbonvre. Pa egzanp, Labib pa anseye Bondye te kreye latè nan sis jou ki gen 24 èdtan. — Jenèz 1:1; 2:4.
Gen teyori anpil moun konsidere kòm syantifik, men ki pa gen ase prèv pou kore yo e gen syantifik moun respekte ki rejte teyori sa yo. Pa egzanp, kòm fason lanati ye a montre gen yon moun entèlijan ki te fè tout bagay, gen yon seri byolojis, chimis ak lòt ankò ki vin rann yo kont se pa evolye sa ki vivan yo evolye pa mwayen yon chanjman jenetik oswa sa yo rele seleksyon natirèl la, e nou dakò ak syantifik sa yo.
a Erwin Schrödinger, yon fizisyen otrichyen ki te resevwa yon pri Nobèl pou konesans li gen sou lanati, te fè konnen “jan sa bay kè kase lefètke lasyans pa di anyen sou tout bagay [...] ki vrèman enpòtan pou nou yo”. Albert Einstein di: “Se lè nou fè eksperyans ki lakòz nou soufri nou rann nou kont lojik pa sifi pou rezoud pwoblèm sosyal nou yo.”